Close
Current temperature in Boston - 62 °
BECOME A MEMBER
Get access to a personalized news feed, our newsletter and exclusive discounts on everything from shows to local restaurants, All for free.
Already a member? Sign in.
The Bay State Banner
BACK TO TOP
The Bay State Banner
POST AN AD SIGN IN

Trending Articles

Boston hotel workers strike for better wages

In its sixth year, Mass Black Expo aims to 'meet the moment'

Why we Black men should support Kamala Harris now

READ PRINT EDITION

ODYANS ZONAJ Bilding Faz 5 Plan Devlopman F2

ODYANS ZONAJ

Komisyon Zonaj Vil Boston nan dokiman sa bay avi avèk Chapit 665 nan lwa 1956, jan li modifye, ke yon odyans piblik vityèl pral òganize nan dat 14 Jiyè 2021, nan 9:00 A.M., annakò avèk petisyon yo pou apwobasyon Bilding Faz 5 Plan Devlopman F2 nan Zòn Devlopman Planifye No. 94, Bartlett Place, Guild Street ak Lambert Avenue (“Bilding F2”), ak Bilding Faz 5 Plan Devlopman F4 nan Zòn Devlopman Planifye No. 94, Bartlett Place, Guild Street ak Lambert Avenue (“Bilding F4”), depoze pa Otorite Redevlopman Boston d/b/a Ajans Devlopman & Planifikasyon Boston [Boston Planning & Development] Agency.

Bilding F2 anvizaje kreyasyon yon bidling rezidansyèl nan apeprè 44,988 pye kare sou yon pasèl teren ki lokalize nan entèseksyon Guild Street ak Lambert Avenue. Bilding F2 pral gen ladan apeprè 28 inite rezidansyèl, apeprè 30 espas estasyonman deyò lari a, ak peyizaj ki gen rapò avèk amelyorasyon yo, ansanm avèk amelyorasyon peyizaj sou Guild Street ak Lambert Avenue. Bilding F4 anvizaje kreyasyon yon bidling rezidansyèl nan apeprè 48,792 pye kare sou yon pasèl teren ki lokalize nan entèseksyon Bartlett Street ak Bartlett Station Drive. Bilding F4 pral gen ladan apeprè 37 inite rezidansyèl, apeprè 32 espas estasyonman deyò lari a, ak peyizaj ki gen rapò avek amelyorasyon yo, ansanm avèk amelyorasyon peyizaj yo.

Reyinyon sa a pral fèt sèlman vityèlman men pa an-pèson. Ou ka patisipe nan reyinyon sa a lè ou ale nan https://bit.ly/3gSSNiO. Ou ka jwenn kopi petisyon an, Plan Devlopman an ak yon kat sou zòn ki anrapò nan Komisyon Zonaj elektwonikman, e ou ka soumèt tou alekri kòmantè oswa kesyon yo nan jeffrey.hampton@boston.gov.

Pou Komisyon an
Jeffrey M. Hampton
Sekretè Egzekitif